Salon National d’Illustration et de Litterature Jeunesse

AVHL

Chelson Ermoza

komedyen, kontè, powèt, aktè, metèansèn, Chelson Ermoza se yon pas patou nan sa ki gen a wè ak lakilti. Prezan nan prèske tout evenman ki gade teyat nan peyi a, Chelson pa bay tèt li limit.

Tim tim ?
Chelson Ermoza, fèt yon 2 novanb nan Pòtoprens.

Li se komedyen, kontè, powèt, aktè, metèansèn, li pase kèk tan kòm animatè emisyon radyo e li se pwofesè teyat elatriye. Karyè atis li tanmen nan legliz Asssemblé Chrétienne par la Foi nan matisan 7, apre li ta pra l fonde twoup Foudizè Théâtre ak kèk zanmi l nan kafoufèy, li etidye teyat nan lekòl Petit Conservatoire avèk Daniel Marcelin san konte plizyè lòt fòmasyon li pran toujou nan domèn teyat la ak lòt metèansèn ayisyen kou etranje. Chelson Ermoza jwe teyat ak tire kont nan plizyè festival an Ayiti kou peyi lòt bò dlo, li se manm fondatè plizyè estrikti kiltirèl pou site Foudizè Théâtre, BIT-Haiti, Production Teyat Toupatou ak Sant Kiltirèl Lawouze san konte plizyè lòt kolabarasyon li fè ak lòt asosiyasyon oubyen evènman kiltirèl nan peyi a.
Chelson Ermoza fè etid inivèstè li nan fakilte ISERSS nan inivèsite leta kote li etidye Istwa kreyasyon (Histoire de l’Art), li se manm fondatè, direktè atistik festival Kont Anba Tonèl ki se premye festival kont nan peyi d Ayiti, epi li manm Atelye Lanjelis(ATLA) ki se yon atelye k ap travay pratik kont lan nan peyi a.

0 / 1

.

0 / 2

0 / 4

Ki pi bon fason ke lakilti pou nou simen lespwa?
An nou kontinye rakonte pou lezanj yo ka pran desten nou.

Chelson Ermoza
  • Merci de partager